Ki enfliyans sosyete Pawolye yo ap evolye a genyen sou kreyasyon yo?

25/10/2020 26 min Temporada 1 Episodio 3

Listen "Ki enfliyans sosyete Pawolye yo ap evolye a genyen sou kreyasyon yo?"

Episode Synopsis

Menm jan ak nenpòt sitwayen òdinè yon pawolye ekspoze a tout enfliyans ki travèse diferan kategori sosyal kote l'ap evolyese-a. Enfliyans sa yo pa san efè sou kreyasyon atistik pawolye a, menm jan zèv li pa kite sosyete ki konsome l la endiferan non plis. 
Envite nou nan epizòd Lyrikalite sa se enjenyè kiltirèl Djimy Ducasse ki genyen yon fòmasyon nan sosyoloji tou, avèk li nou fè kèk konsiderasyon sou kijan sosyete a enfliyanse zèv yon pawolye, kòman pawolye a chwazi ki enflyans l'ap degaje nan pwodiksyon l yo epi nou gade ki enpak kreyasyon atistik pawolye a genyen sou sosyete a an retou. 
Mèsi pou ekout ou, pa ezite fè nou remak ak sijesyon si w genyen! Opinyon w konte anpil pou ekip Lyrikalite-a!