Listen "S1 - pisode 5 Mad-S"
Episode Synopsis
Kendy Daglea a.k.a Mad-S fèt on 3 Jiyè , Mad-S se rapè ki te chanpyon nan konkou Yele haiti ke Wyclef Jean te fè en 2006 nan Telemax (PWOJÈ LARI PWÒP) . kèk tan apre li vin manm fondatè C-Projects ki se on gwoup ki te fe on gwo hit en 2008 ak on kanaval ki te rele "Nou libere" , sa te fè li revelasyon nan lane sila . Albòm gwoup lan te rele nou libere tou, Mad-S te vin kite gwoup la akoz de kèk malez ke li te genyen ak Squady ki se on lòt manm fondatè e ki te beatmaker gwoup lan nan epòk sa . tout swit apre Mad-S te pral soti "Ouf" ki se on trak kote ke li degaje tout fristrasyon li ak sa ki pat fè li plezi pandan pasaj li nan C-Projects , ke T-Ansyto te pwodwi ak Fred Hype , ki dispo sou paj YouTube MAD-S la. Mad-S gen plizye Iòt Hit tankou: Morne I'hopital, ki gang, kraze kay lan ak anpil lot anko ki dispo sou platfòm distribisyon yo . Mad-S kolabore ak anpil gwoup ak atis tankou Team lobey- Toppy-X- K-libr - DRz- Squagy- Poum site sa yo selman . Li son aktè, ekriven - konpozitè, e li ekri anpil mizik pou moun chante . Li se CEO OUF AYITI . Mad-S te youn nan Rapè ke Fred Hype te gen anpil je sou li, yo te menm gentan travay yon albòm ansanm , men malerezman, a koz de maladi, Fred ki se on lejann nan rap kreyòl lan , ale kite nou, men Mad-S pa deside kanpe, nan moman ke nou anrejistre epizod saa Mad-S mete ansanm ak youn nan icon Barikad crew yo ki te Fantom pou yo soti FM, YO HYPE, yon pwojet ke Mad-S explike nan epizod saa ki ap nan nivo ke Fred te ye a. pou plis detay nou envite moun yo gade tout epizod lan kote ke Mad-S ki se youn nan pi gwo lirisis rap kreyol lan genyen ap pale de pakou li e ki sa ki ap vini nan jou yo la. Abone ak tout paj li yo sou @madsayiti
More episodes of the podcast The Reunion Podcast
S1 - Episode 17 DRZ
21/07/2025
S1 - Episode 16 Atros RockFam
21/07/2025
S1 - Episode 15 Jin Dizzle
21/07/2025
S1 - Episode 14 Mackendy Jeune
21/07/2025
S1 - Episode 13 Big Boss Blade
21/07/2025
S1 - Episode 11 Ftregran
21/07/2025
S1 - Episode 10 Dug G
21/07/2025
S1 - Episode 9 Diri Kole
21/07/2025
S1 - Episode 8 Fredy 2 Kondane
21/07/2025
S1 - Episode 7 Jimmy Ruff
21/07/2025
ZARZA We are Zarza, the prestigious firm behind major projects in information technology.