Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 novanm 2025

17/11/2025 2h 1min Episodio 1344
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 novanm 2025

Listen "Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 novanm 2025"

Episode Synopsis






Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Nou salye epi remèsye tout fanmi yo ki te ale oswa ki te bay kontribisyon yo pou sipòte 15yèm fèt selebrasyon Radio Omega a
Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la ak fanmi endijèn nou yo, jedi 27 novanm nan Plymouth, MA
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou swete frè nou Raymond Dugué yon Bòn Fèt!
Nouvèl:
-Lantèman 18 viktim siklòn Melissa nan TiGwav chante samdi a
-Avyon Sunrise anonse l ap koumanse fè wout Nouyòk - Pòtoprens apati 4 janvye 2026 k ap vini an; N ap mande n ki sa Sunrise konnen nou panko konnen?
-Malgre Minis Trezò peyi a di koze bonis $2000 pou sitwayen Meriken ki peye enpo nan peyi a pa nan konpetans Donald Trump, msye kenbe dosye a tennfas
-Atik nou li nan lafèy maten an sou antrenè ekip foutbòl ki ap reprezante Ayiti a, Sebastien Migne, ki se yon blan Franse ki  panko janm pile pye l nan peyi k rele Ayiti a epi ki tabli baz ekip la nan Kiraso
-Dosye Depite Meriken Adelita Grijalva, yon Demokrat nan Arizona ki genyen eleksyon li depi mwa Septanm epi Repibliken Mike Johnson ki chèf chanm depite a fè l pase 60 jou li pa t prete sèman pou vòt li pa t vin deranje aktivite Repibliken yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons