Listen "Paran, jwe wòl ou a byen nan la vi pitit ou."
Episode Synopsis
Pi bon fason nou ka aprann timoun yo respekte prensip ki tabli pou kwasans fanmi an sè ke nou menm kòm paran nou sipoze premye moun ki aplike prensip sa yo…Anpil paran pran malen plezi mande timoun yo pou yo pa fè tèl ou tèl choz pandan ke yo menm yap fèl maten, midi, swa devan je timoun yo: “Kijan w ka mande pitit ou a pou l mete telefòn li an nan yon kwen lè nou a table ap manje an famille pandan ke pa w la li menm li nan men w padan tout repa?Kijan w fè ap rantre tou santi kleren sou timoun lan epi li menm lè lap fon ti goute ou estomake pou sa?Si w vle timoun lan respekte w, ou sipoze premye moun ki manifeste respè sa anvè li.Paske ansèyman ki pi pwisan ke ou ka bay timoun ou an toujou rete egzanp pèsonèl nou kòm paran. Gen yon moun ki te di, "Sa w fè a pale tèlman fò ke mwen pa menm ka tande sa w ap di."Èske w konnen pitit ou a ap gade w, WI ! Pitit ou a se premier spectateur ka swiv de près déroulement scene la vi w… et ceci, se chak jou, chak moman depi lè li fèt? Atitid ou, reyaksyon ou, pawòl kap sot nan pouch ou, sa ou fè oswa sa ou pa fè se mesaj ki pi pwisan ke w kominike bay timoun lan.Ki jan nou ka mande l pou l renmen Senyè a ak tout kè l, si li wè nou tyèd ak frèt? Ki jan nou ka anseye l jistis si aksyon nou yo gen dout?Swiv kominote whatsapp nou an: https://whatsapp.com/channel/0029VaH2vxA9hXFEGol9qU2W
More episodes of the podcast Maleb Leadership
Quand le Silence de Dieu Test notre Foi.
17/04/2025
Le Leadership de l'Espérance dans le Chaos
15/04/2025
La puissance du pardon dans le leadership
14/04/2025
ZARZA We are Zarza, the prestigious firm behind major projects in information technology.